Kiyès nou ye

Kiyès nou ye

Gwoup Konbit se yon mouvman sosyal k ap rasanble lidè, òganizasyon, tout kalte gwoupman kominotè ki angaje nan chanjman sosyal, k ap kiltiv e valè ak pratike prensip Konbit yo nan inisyativ ki vize bati byennèt kolektif la.

Konbit se nanm Ayisyen. Gwoup Konbit angaje l pou ede reveye sans solidarite kay Ayisyen, ankouraje yo poze bon aksyon ki vize simen konfyans, pataje resous, konesans ak tout kalte opòtinite pandan l ap bay jarèt ak pwosesis transfòmasyon sosyal pou akouche yon devlopman dirab ak tout moun, pou tout moun. Nan mouvman sosyal sa, konbitè ak konbitèz yo jwe yon wòl aktif nan direksyon mouvman an epi patisipe nan desizyon kolektif ak oryantasyon estratejik li.

Istwa:

Gwoup Konbit gen orijin li nan Konbit Solèy Leve (Collectif du Soleil Levant), ki te fonde an 2011 e ki baze nan Cité Soleil, Ayiti. Objektif la se te ini diferan katye Site Solèy epi travay pou chanjman sosyal pozitif ak ekite. Mouvman an te elaji pi lwen pase Site Solèy pou l te genyen moun ki soti nan lòt zòn Pòtoprens ak Ayiti an jeneral.

Gwoup Konbit te etabli ofisyèlman 25 jen 2022, 10yèm anivèsè Konbit Solèy Leve, lè pratikan konbit te rasanble pou dezyèm konferans anyèl "An n Devlope Konbit" ("Ann Devlope Konbit"). Plis pase 140 patisipan, ki reprezante 30 diferan gwoup lokal ak òganizasyon ayisyen, te deside ke Gwoup Konbit ta dwe yon mouvman sosyal k ap rasanble lidè, òganizasyon, tout kalte gwoupman kominotè ki angaje nan chanjman sosyal, k ap kiltive valè ak pratike prensip Konbit yo nan inisyativ ki vize bati byennèt kolektif la.

Vizyon:

Yon Ayiti ki chita sou valè ak prensip konbit yo pou kontribiye nan byennèt chak Ayisyen.

Misyon

Misyon Gwoup Konbit se mobilize lidè, òganizasyon, ak gwoupman kominotè pou kreye espas patisipatif kote resous (konesans, kiltirèl, lajan, elatriye), ak opòtinite pataje pou ankouraje chanjman sosyal. Nou angaje nou pou ranfòse solidarite, soutni inisyativ ki baze sou transfòmasyon sosyal, epi fasilite devlopman dirab kominote yo.

Valè ak Prensip

Valè ak Prensip

- Fondasyon Gwoup Konbit la se valè yo: Solidarite, Responsabilite, Kolaborasyon, Resipwosite, Patisipasyon.

- Prensip yo se poto ki kenbe Gwoup Konbit: Pataj, Transparans, Konfyans, Respè, Ekite, Etik, Pèseverans, Fleksibilite, Adaptasyon, Inovasyon, Entèdepandans ak Dirabilite.

Gwoup Konbit ap ankouraje kiltive valè ak pratike prensip Konbit yo nan plizyè domèn, tankou: Ledikasyon, Lasante, Anviwonnman, Ekonomi ak Lakilti.