Simen Semans Konbit Pou Chanjman Sosyal

Simen Semans Konbit Pou Chanjman Sosyal

Simen Semans Konbit Pou Chanjman Sosyal(SSKCS) se yon pwogram Gwoup Konbit ak patnè li yo pou bay jarèt ak inisyativ kominotè ki charye valè ak prensip Konbit yo. N ap ankouraje inisyativ ki pa sèlman chèche lajan kòm solisyon, men ki mete solidarite, coaching, ak pataj resous nan sant aksyon yo.

Objektif

Objektif

Ankouraje konbitè ak konbitèz yo pran plis responsabilite nan kominote yo ap evolye yo ak mennen bon jan inisyativ ki respekte valè ak prensip konbit yo, e ki vize pote chanjman sosyal nan kominote yo.

Lajan disponib

Lajan disponib

Kantite lajan ki disponib pou sipote yon inisyativ chak mwa : 150,000.00 Goud (San senkant Mil Goud)

Kritè ki dwe respekte nan kad aplikasyon pou finansman sa

- Fòk pwojè a an mezi pou demontre klèman li reponn ak yon bezwen reyèl nan kominote a.
- Fòk pwojè a pa baze sou lacharite, men pito sou solidarite; sa vle di kominote a enplike nan tout pwosesis la.
- Fòk pwojè a kreyatif ak inovan, kidonk li dwe pote yon bagay anplis epi fè yon diferans nan kominote a.
- Fòk omwen yon lòt asosyasyon oswa yon gwoup moun nan kominote a valide nesesite pou inisyativ sa fèt.
- Fòk pwojè a fèt nan bon jan enklizyon, sa vle di san diskriminasyon; sa vle di, pwojè a dwe pran ankont tout kouch sosyal ak minorite yo nan kominote a.
- Fòk pwojè a ankouraje resipwosite, sa ki vle di, moun pwojè a pral itil yo dwe yo menm tou mete yo osèvis kominote a lè gen bezwen.
- Fòk pwojè a genyen patisipasyon kominote a, kidonk ekip k ap pote pwojè a dwe mobilize resous anndan kominote a avan menm lajan sibvansyon Gwoup Konbit la.
- Fòk gwoup moun k ap egzekite pwojè a transparan sou fason y ap itilize resous pwojè a, nan bay bon jan rapò ak kominote a avan, pandan e aprè peryòd egzekisyon pwojè a.
- Fòk ekip pwojè a kapab eksplike estrateji yo pral mete sou pye pou montre enpak oubyen/ak dirablite pwojè a.
- Fòk lajan Gwoup Konbit mete a dispozisyon inisyativ la pa itilize nan move kondisyon, pou fè kominote an mal oswa ankouraje vyolans.

FÒMILÈ APLIKASYON INISYATIV SIMEN SEMANS KONBIT

https://bit.ly/AplikasyonSimenSemansKonbit2025_2026

Fè yon don
Inisyativ nou yo

Aji Ansanm pou Chanjman Dirab

Gwoup Konbit fonksyone atravè inisyativ sosyal, edikatif ak kominotè ki vize ranfòse solidarite, devlopman lokal ak byennèt kolektif. Ansanm, nou kreye aksyon konkrè pou konstwi yon sosyete ki pi ini, dirab e angaje.