Vin yon konbitè/konbitèz

Yon Konbitè/Konbitèz se yon moun ki konsyan epi ki angaje, ki mete aksyon li nan sèvis kominote li, pandan li ap kiltive valè yo epi aplike prensip Konbit yo.

Menm pratik Konbit la te toujou byen chouke nan kilti ayisyen an depi plizyè syèk, sila yo ki te toujou ap evolye nan kad mouvman sa a potko janm resevwa tit espesifik sa a. Se pandan moman kle sa a nan istwa Konbit la, nou rive analize yon ansanm tit ak lide. Apati denyè moman sa yo, tout fanm ak gason k ap pratike Konbit la pi espesyalman, pote non « Konbitè » ak « Konbitèz ». Se gwoup Konbit ki vini ak mo sa a e ki devlope l e se menm moun sa a yo ki patisipe nan preparasyon gid pou devlopman kominotè sa a ki chita sou valè ak prensip Konbit la. Se pou sa, apati jodi a, li posib pou nou idantifye pratikan Konbit la gras a mo sa yo. Nan mouvman sosyal nou rele Konbit la nou ka distenge senk (5) kalite Konbitè, e se premye gwoup la ki pote senp non Konbitè a, mo sa a deziye manm debaz yo :

- Konbitè
- Konbitè Choublak
- Konbitè Wozo
- Konbitè Mapou
- Konbitè Papiyon

Anvan nou antre nan defini chak kategori sa yo, li enpòtan pou nou fè tout moun sonje, nan kilti pa nou, kilti ayisyen an, nou konsidere lanati tankou yon liv tou louvri pou nou li e ki la pou li fòme nou : chak plant ak chak èt/kreyati gen yon mesaj pou li pote tout kolektivite a ; sa yo se yon seri leson natirèl ki ofri nou divès modèl ki pèmèt nou ka tabli diferans ant divès kategori Konbitè yo e ki ka ede nou konprann diferans sa yo tou.

Choublak la se modèl nouvote a, se yon ouvèti ki bay sou tou sa ki bèl. Flè sa a ki louvri kò l chak maten tankou yon boul limyè e ki fre tankou lawouze. Li se senbòl tou sa ki nèf, tou sa ki pote lajwa e ki reprezante yon envitasyon pou nou louvri de bra nou bay chak jou tankou yon pwomès tou sa ki posib.

Wozo a se yon senbòl rezistans ak souplès. Tankou jan pwovèb ayisyen an di l la « wozo pliye men li pa p kase » li se yon kapasite nou genyen pou nou bat ba san nou pa lage sa, kapasite pou nou adapte nou ak tout frap k ap rive yo tout pandan nou pa janm lage/abandone moun nou ye a.


Mapou a reprezante lafòs, lavi long ak memwa. Kòm pyebwa sakre, yo toujou plante l nan lakou yo e kote li reprezante yon espas rasanbleman, li se yon senbòl koneksyon, respè pou rasin nou yo ak yon angajman ki toujou santre sou sa n genyen kòm divès dirab.

Papiyon an se sèl bèt nan gwoup la, reprezante yon envitasyon pou nou aksepte chanjman an ak rekonesans lan. Nan janbe tout etap nan pwosesis metamòfoz (chanjman fòm), soti nan cheniy pou li rive nan pran vòl, li se yon senbòl libète, matirasyon ak enpòtans pou nou apresye tout wout nou fè yo, ansanm ak wout kominote yo rive fè yo tou.

- Kisa yon Konbitè ye ? Se yon moun ki konsyan e ki angaje tou, epi ki konsakre aksyon li a nan sèvis kominote a, nan kiltive yon ansanm valè epi nan toujou sèvi ak ansanm prensip Konbit la.

- Kisa ki yon Konbitè choublak ? Se yon Konbitè ki aksepte kiltive yon seri valè epi k ap aplike ansanm prensip Konbit la, ki deside pran responsablite li genyen yo epi angaje l nan mouvman sosyal ki rele Konbit la e ki demontre kapasite li genyen pou li pa janm nan mòde lage pandan menm de (2) lane pou pi piti

- Kisa ki yon Konbitè wozo ? Se yon Konbitè choublak ki pa janm sispann kiltive valè Konbit la epi aplike ansanm prensip Konbit la tou epi malgre divès baryè ak difikilte yo li toujou kenbe angajman li pran nan mouvman sosyal Konbit la e ki devlope yon atitid ki pa nan mòde lage ak yon rezilyans pandan senk (5) lane pou pi piti.

- Kisa ki Konbitè mapou a ? Se yon Konbitè choublak ki pa janm sispann kiltive valè Konbit la epi aplike ansanm prensip Konbit la pandan (10) lane pou pi piti, li vin tounen yon modèl, yon egzanp tout kapasite ki egziste anndan mouvman an apati sa l genyen kòm sajès ak esperyans epi li pran responsablite l nan transmèt ak enspire jenerasyon Konbitè k ap vin dèyè yo nan lide pou li pèmèt mouvman Konbit la kontinye grandi pi plis toujou pou byennèt komen an.

- Kisa yon Konbitè papiyon ye ? Se yon Konbitè ki te toujou rete aktif nan mouvman sosyal Konbit la e ki pa la ankò (ki mouri). Nan Konbit la pa gen lanmò, Konbitè a chanje fòm.

NB : Chak gwoup, òganizasyon, estrikti oubyen enstitisyon ki deside antre nan mouvman sosyal Konbit la, fè sa pou li kiltive ansanm valè Konbit epi pou l aplike ansanm prensip Konbit la, lè li pran responsablite l pou li suiv ak kontwole evolisyon Konbitè li yo gras a pwòp estrikti pa li yo.

Lè nou idantifye divès kategori Konbitè yo se yon mannyè pou nou ka montre nou rekonèt valè angajman yo ak enfliyans Konbitè ki la yo, pou nou motive sa ki fenk pran chemen an epi pou nou ranfòse responsablite, lespri ak santiman atachman yo pou mouvman sosyal Konbit la. Nan yon dimansyon ki pi laj, sa pèmèt Konbit la fè travay transmisyon konesans, eksperyans ak valè li yo ant jenerasyon yo, nan lidè pou nou ka garanti estabilite ak evolisyon mouvman Konbit la.