Konbit Soup Joumou se yon inisyativ Natalie Mondesir te lanse an 2018, epi depi lè sa a, Gwoup Konbit kontinye fè l avanse. Objektif li se rasanble lidè kominotè ak aktè chanjman nan tout peyi a chak 1ye Janvye pou yo pataje yon bòl soup, dyaloge, reflechi ansanm epi selebre nan lespri Konbit la. Se yon okazyon pou mete Soup Joumou an valè kòm yon patrimwàn kiltirèl imateryèl limanite chak ane pandan fèt endepandans Ayiti.
Nan yon kontèks ki make pa defi sosyal ak ekonomik ijan, Konbit Soup Joumou kontinye reprezante yon senbòl vivan nan solidarite ak inite nasyonal. 1ye janvye 2025, 6yèm edisyon evènman senbolik sa a, ki te òganize pa Gwoup Konbit, te rasanble pwofesyonèl, lidè kominotè, ansanm ak manm ki pi vilnerab nan sosyete ayisyèn nan, tankou òfelen, prizonye, moun san abri ak deplase entèn yo. Plis pase yon senp pataj soup, inisyativ sa a mete Soup Joumou an valè kòm yon patrimwàn kiltirèl imateryèl limanite, pandan l ap pote prensip fondamantal Konbit yo : kopere, pataje ak rezistans.
Edisyon 2025 lan make yon tounan istorik, kote 18 134 bòl soup te distribye sou 32 sit nan 10 depatman peyi a. Eksplwa sa a te posib gras ak mobilizasyon 1404 donatè, ki te pèmèt ranmase 6 067 947 goud, asire reyalizasyon inisyativ sa a sou tout teritwa nasyonal la.
Nan Pòtoprens, Lise Nasyonal Petyon-Vil te ankò yon fwa sèvi kòm espas santral, kote dè santèn moun te rasanble depi premye èdtan maten an. Jounen memorab sa a, ki te ranpli ak fratènite ak espwa, te ranfòse angajman kolektif pou selebre endepandans Ayiti ak yon enèji pozitif, pandan n ap renouvle lyen esansyèl ki ini tout kategori sosyal peyi a.
Slogan : Yon bòl soup joumou, yon rapèl libète