Vin manm mouvman sosyal konbit la?

Vin manm mouvman sosyal konbit la?

Gwoup Konbit se yon mouvman sosyal k ap rasanble lidè, òganizasyon, tout kalte gwoupman kominotè ki angaje nan chanjman sosyal, k ap kiltive valè ak pratike prensip Konbit yo nan inisyativ ki vize bati byennèt kolektif la.

Poukisa vin yon manm?

Gwoup Konbit se yon mouvman sosyal ak platfòm san bi likratif. Vin yon manm vle di ke ou gen yon atachman patikilye ak prensip ak valè KONBIT yo. Anplis de sa, abònman ba w dwa pou w patisipe nan tout inisyativ rezo KONBIT.

Elijiblite ak kritè entegrasyon

Gwoup Konbit admèt kòm manm tout moun ki pataje Prensip ak Valè KONBIT yo nan inisyativ li yo:

- Valè: Solidarite, Responsabilite, Kolaborasyon, Resipwosite, Patisipasyon.

- Prensip: Pataj, Transparans, Konfyans, Respè, Ekite, Etik, Pèseverans, Fleksibilite, Adaptasyon, Inovasyon, Entèdepandans ak Dirabilite.

- Lè w te soumèt yon demann alekri lè w ranpli yon fòmilè Gwoup Konbit fè sikile epi mete siyati li.

- Lè w te resevwa konsantman Komite Egzekitif la.

VolontèBenevòl