Le Paradis Haitien

Le Paradis Haitien

Le Paradis Haïtien (LPH), ki anrejistre ak gen lisans fonksyonman nan Ministè Komès ak nan Direksyon Jeneral Taks, manm mouvman sosyal Gwoup Konbit, se yon antrepriz sosyal, kiltirèl ak touristik ki angaje nan pwomosyon ak valorizasyon kilti ayisyen atravè touris, listwa, patrimwàn kiltirèl ayisyen, ak edikasyon sitwayèn.

Atravè pwogram, pwojè, inisyativ, vizit ak ekskisyon touristik, mini-dokimantè, emisyon ak lòt sèvis pwodiksyon kreyatif li yo, Le Paradis Haïtien bay tèt li misyon pou kontribye nan ede pi byen konstwi ak ranfòse “Naratif Ayisyen an”, yon naratif ki byen anrasinen nan listwa nou, kilti nou ak valè pèp nou an.

Pwodiksyon odyovizyèl yo ansanm ak kontni kreyatif rakonte istwa mete an valè istwa enspire sou rezilyans, kreyativite ak angajman anpil enstitisyon ann Ayiti, ki kontribye pou fè “Naratif Ayisyen an” briye, pandan y ap refè viv fyète ak atachman nou ak patrimwàn kolektif nou an.

MISYON

- Rekonekte/konekte chak grenn Ayisyen ki Ayiti oubyen ki lòtbo dlo ak Ayiti nan pèmèt yo dekouvri / redekouvri lakay yo nan yon lòt fason.

- Kreye lakay chak grenn Ayisyen yon santiman apatenans ak peyi a gras ak yon eksperyans san parèy ak tout sa ki defini AYITI nan nannan l.

- Kreye yon espas pou fè pwomosyon pou divèsite kiltirèl, resous ak richès AYITI nan lide pou pi byen konstwi ak ranfòse “Naratif Ayisyen” an.

VIZYON

- Wè yon AYITI kote chak ayisyen ki Ayiti oubyen lòtbò dlo rive fè yon eksperyans reyèl tout bon vre ak kilti yo, konsa yo ka genyen yon koneksyon dirèk e pèsonèl ak lakay yo nan divès fasèt li, kilti l ak istwa l.

- Wè chak Ayisyen vin yon anbasadè kiltirèl pou AYITI.

- Wè AYITI kòm kapital avanti ak destinasyon touristik nan rejyon karayib la.

Rezo nou an

Òganizasyon ko-fondatris mouvman an

Òganizasyon ko-fondatris mouvman an se òganizasyon ki te patisipe, depi lansman li an 2022, nan kreyasyon ak estriktirasyon Gwoup Konbit.